

Chak mak gen istwa pa li, nou menm, istwa nou kòmanse kote pasyon, otantisite ak syans rankontre. Enspire de trezò natirèl Ayiti, Biosépam pran angajman pou l ofri pwodwi bote ki senp, efikas e 100% natirèl.
Misyon nou klè e enpòtan, selebre resous lokal yo pandan n ap ankouraje yon fason pou pran swen tèt nou ak latè nan respè ak dirabilite.
.jpeg)
Fanm ki kreye entrepriz la
Tout bagay te kòmanse an 2018, lè yon pwojè pwodui kosmetik vire nan desepsyon. Fredjianie Louis pat deside bay vag, li te pito chèche chanje vizyon li. Yon visyon de yon bote an sante, pi dirab, e ki pi konekte ak tè a ak otantisite li.
Frédjianie Louis, fondatris la, pase nwit sa ap fè rechèch, lap kreye san li pat gen okenn eksperyans. Avèk èd lwil ak bè, li rive rekrée yon pwodwi ke moun ki bò kote li te apresye anpil.
Epizòd sa a make kòmansman yon vwayaj ki long. Detèmine pou li konn kijan yo fè pwodwi, li te pran fòmasyon pou aprann fè pwodwi kosmetik bio, epi li pwofondi konesans li nan aromaterapi. Sa pat pran ampil tan, li vin santi bezwen pou konprann rigè syantifik ki dèyè chak pwodui. Se konsa li pran direksyon chimie, antre nan etid nan Inivèsite Sherbrooke pou li komprann estabilite krèm yo, syans materyo yo, ak pwopriyete fiziko-chimik plant yo.
Se nan kontèks sa a, Biosepam te fèt e pote yon etik klè sou do li. Mete an valè potansyèl resous lokal yo, ankouraje kreyativite, epi ofri pwodwi ki pa danjere, efikas, minimalist, ak gwo valè ajoute.
Jodi a, Biosépam se plis pase yon seri pwodui bote se yon mouvman ki enkane pasyon, pèseverans, otantisite epi ki enspire pou kwè nan yon bote ki konsyan ak dirab.

Biosepam se plis pase yon non, se istwa idantite nou.
Chak lèt senbolize yon valè fondamantal ki nan kè kreyasyon pwodwi yo: Bio, senplisite, efikasite, pou moun ki renmen viv minimalist.
Konbinezon sa a reflete vizyon nou, pwodwi ak yon konpozisyon senp, fèt ak yon kantite limite engredyan, men chak engredyan chwazi pou efikasite l ak pite l.
Nan Biosepam, pa gen engredyan ki danjere. Nou itilize sèlman aktif natirèl 100 %. Chak swen ale dwat nan sa ki esansyèl : revele bote a san okenn sipèflou, nan respè pou po a, cheve yo, ak anviwònman an.
NOM
Direktè jiridik

Share the amazing things customers are saying about your business. Double click, or click Edit Text to make it yours.
Describe your passion here Sandy
NOM
Chef operasyon egzekitif

Share the amazing things customers are saying about your business. Double click, or click Edit Text to make it yours.
Describe your passion here Sandy
NOM
Piblisite ak Kominikasyon

Share the amazing things customers are saying about your business. Double click, or click Edit Text to make it yours.
Describe your passion here Sandy
NOM
Rechèch ak devlopman

Share the amazing things customers are saying about your business. Double click, or click Edit Text to make it yours.